
Dans le cadre du Mois du créole de Montréal, on partage avec vous ce texte de la Bibliothèque Pointe-aux-Trembles.
Nan kad mete an plas yon pwojè medyasyon kiltirel, awondisman Rivyè-dè-Preri-Pwento-Tramb avèk biwo piblik nan Vil Monreyal ki okipe zafè atis, te òganize yon konkou pou atis pwofesyonèl te prezante yon èv kite kapab bay sektè jenès bibliotèk Pwento-Tramb nan jarèt.
Yon jiri te seleksyone èv 2 gran atis : Arthur Desmarteaux avèk Allison Moore nan tèt ansanm te fè yon tablo an mozayik ki rele «Gran rasanbleman». Moun ki bezwen plis enfòmasyon kapab ale sou sit entènèt http://www.legrandrassemblement.com/ lap jwen fason pwojè-a te mete sou pye ak lòt bagay ke atis yo fè déjà. Twa klas nan lekòl Notre-dam ki nan katye-a, te enspire yo de èv atis yo ak kapsil videyo ki sou sit entènèt la pou yo te reyalise 2 tablo ki ekspoze nan bibliotèk la.
Depi mwa jwen 2011, nan sektè jenès bibliotèk Pwento-Tranb, tout moun kapab wè bèl èv 2 gran atis yo te fè-a, tablo sa-a ki fèt ak mozayik tout koulè ki montre anpil kreyati monstr ak bèt ansanm.
Le texte original est de Marie-Élise Leroux et de Nicole St-Vincent
La traduction en kreyol ayisyen est de Chesena Murat






